AD-Kontab

AD-KONTAB


Jesyon biznis Ayisyen senp, rapid & efikas

Sou AD-KONTAB

AD-KONTAB se yon solisyon dijital pou jesyon biznis an Ayiti. Li fèt pou ti ak mwayen antrepriz ki vle kenbe tout enfòmasyon sou pwodwi, vant, stock ak benefis yo nan yon sèl platfòm fasil pou itilize.

Ou ka swiv vant chak jou, pa semèn oswa pa pwodwi, san konplikasyon. AD-Kontab pèmèt ou anrejistre vant rapid, korije erè fasil, epi jwenn rapò vizyèl sou pèfòmans biznis ou.

Zouti entegre tankou kalkilatris ak konvètisè HTG ⇄ $HT ede w pran desizyon finansyè pi vit.

Tout sistèm nan an kreyòl, pou tout moun ka itilize li fasil, menm san eksperyans avanse nan kontablite.

AD-Kontab fèt pa Ayisyen pou Ayisyen, epi chak donasyon ede kenbe li aktif, gratis, epi toujou amelyore.

Poukisa AD-Kontab diferan?

Vann Rapid & Kontwòl Total

Zouti Entegre

Analiz Vizyal & Rapò

Fèt pou Biznis Ayisyen

AD-Kontab devlope an Ayiti, pou Ayisyen, selon reyalite mache lokal la. Li ideyal pou boutik, ti magazen, komèsan, antreprenè endepandan, ak biznis k ap demare.

Sipò & Kontak

Sipòte AD-Kontab

Ou ka sipòte devlopman AD-Kontab atravè NatCash:

Mesaj Final

AD-Kontab se yon solisyon lokal, fèt pa nou pou nou. Li pèmèt ou pran kontwòl biznis ou, konprann chif ou, epi bati yon avni pi solid pou biznis ou ak kominote w.


Fè yon Don

      NatCash
Nimewo: 33 12 78 77
Non: RuthnoCash


Mèsi paske w ap sipòte AD-Kontab

Kontakte Nou

ruthno7877@gmail.com

+509 33 12 78 77

+509 40 63 23 01


Mèsi

Kòmanse kounye a